Ouanaminthe : Jistis, Ensekirite, ak Batay pou Diri Ayisyen
Pa Eric Duvivier Masson
Jeudi 25 septanm 2025, Ouanaminthe reveye ak yon nouvèl ki boulvèse anpil moun: Me Albert Joseph, avoka ki te manm Baro Fort-Liberté, tonbe asasine sou rue Espagnole. Moun sou moto selon kèk temouaj kèk moun. Yon jou aprè, yo arete pastè Moïse Joseph, antreprenè ak lidè relijye, lakay li epi gen perquizisyon ki fèt nan biznis li — izin diri KPK nan Rivière Canari.
Arestasyon oubyen Manèv Politik?

Depi ki lè lan Ayiti nou konnen an la Polis kon fè enkèt ki abouti a yon arestasyion vite ak prese?
Arestasyon pastè Moïse JOSEPH lan souleve anpil lòt kesyon. Gen enfòmasyon ki montre li te yon konfli jidisyè ak Me Joseph sou yon dosye aksidan. Men gen obsèvatè ki panse arestasyon sa a depase kad legal — li ka gen motivasyon politik, sitou si nou konsidere pozisyon pastè a kòm defansè pwodiksyon nasyonal ak rezistans kont dominasyon dominiken sou mache fwontyè a.
Izin Diri KPK: Yon Senbòl Rezistans Ekonomik
Pastè Moïse Joseph se fondatè Konbit Pwodiksyon Kreyòl (KPK), yon izin diri ki achte, trete, epi mete sou mache diri ayisyen. Objektif li se bay konsomatè yo yon altènativ nasyonal, ranfòse agrikilti lokal, epi mete pwodui ayisyen an konpetisyon ak diri dominiken ki anvayi zòn nan.
• Izin nan kreye travay pou jèn yo
• Li bay kiltivatè ayisyen espwa ak mache
• Li fè pwomosyon pou konsomasyon pwodui lokal
🧭 Batay pou Souverènte Alimantè
Nan Ouanaminthe, chak jou se dè santèn de sak diri, ze, farin, ak lòt pwodui ki soti nan Repiblik Dominikèn. Sa mete pwodui ayisyen yo anba presyon. Pastè Moïse, atravè izin li, ap mennen yon batay estratejik pou diyite ekonomik Ayiti.
Arestasyon li pa ka separe de batay sa a. Lè nou mete men sou yon moun ki ap chèche fè Ayiti manje sa li pwodui, nou dwe mande: eske lajistis ap sèvi pèp la, oswa enterè etranje?
Mesaj pou tout Koalisyon 2025 kap batay pou libere pèp ayisyen lan zafè manje dwe sonje: batay pastè Moïse lan se batay nou tout.
Se batay pou Ayiti pa depann de lòt. Se batay pou jèn yo gen travay, pou kiltivatè yo gen mache, pou nou manje sa nou plante.
“Diri pa nou, izin pa nou — se Ayiti kap leve tèt li!”
“Nou pap achte sou fwontyè — nou ap pwodui lakay!”
» Se pou nou konnen pou ki sa, ki reèl rezon la polis mete rapid rapid men sou Pastè Moïse, yon moun lan kominote la renmen anpil.
Share this content:



Laisser un commentaire